Richard Senecal
@richardsenecal
Haitian Filmmaker and producer. Also involved in music production and app development.
Yo sèvi ak viza pou pini nou paske yo konnen se viza nou bay enpòtans. Sa pa t ap janm rive si n te konn twipe viza.🤷🏽♂️
C’est une histoire tragique avec des victimes mais aussi quelques héros. ayibopost.com/recit-tragique…
Tout fim mwen yo disponib tou sou platfòm FilmHaiti a. Nou ka klike sou lyen an pou nou jwenn aksè. filmhaiti.com/fr/barikad-bar…
Monchè, m pa tande okenn moun pale de aspè sa, ki poutan enpòtan anpil, sosyolojikman. Rapò konpa a ak rejim divalyeris la, kijan rejim la te favorize tandans sa, espesyalman paske li pa t charye okenn mesaj revandikatif. Paske tou li te kontribiye a bay yon enpresyon de peyi k…
Youn nan travay ki enterese m anpil nan koze selebrasyon konpa sa a se akwentans yon seri gwoup, yon bann mizisyen ak yon pakèt animatè radyo genyen ; swa ak yon rejim (soti sou divalye pou rive sou PHTK), swa ak machann dwòg oubyen ak kèk grenn senk mele ak move zafè.
Lè m ap gad peyi a, mwen wè yon klas politik ki echwe, mwen wè yon elit ekonomik ki echwe, mwen wè yon sektè entèlektyèl ki paralize epi ki boubou, mwen wè yon jenès ki pa gen okenn repè e ki pèdi. Sa m pa wè, se relèv la. Ak kisa menm nou pral remonte pant la?🤷🏽♂️
Prèske tout fim ak dokimantè mwen yo disponib sou Amazon Prime. Nou ka klike sou lyen an. amazon.com/dp/B0B6JGRXS8
Anverite, pou janm konn wè n ap bat bravo, fè sousou pou tout kalite moun nou konn trè byen se ak lajan sal yo reyisi, anpil nan nou pa gen pwoblèm ak filozofi oligak la vre. Nou jis ta renmen nan plas la pou nou pyafe tou. Malerezman.
70 lane KONPA DIRÈK - M ap pwopoze nou yon anrejistreman "live" GWOUP TWOUBADOU MAKAYA mwen te reyalize nan Otèl Oloffson an 2021. Mwen espere n ap byen distrè nou sou bon konpa a. Enjoy❗️
Mwen te mennen yon ankèt bòkote plizyè moun ki abitye travay kay moun kòm domestik. Majorite ladan yo di konsa yo prefere travay kay etranje oswa kay boujwa. Daprè yo menm, moun klas mwayèn oswa moun ki ta plis vle sanble ak yo, maltrete yo pi plis.
Depi sou non ou bay medya w la, kijan w vle pou moun serye pran w oserye?🤷🏽♂️🤷🏽♂️🤷🏽♂️
Bizaman, mwen remake se rèv anpil nan nou pou nou vin sanble ak kategori moun nou pi pa vle wè yo. Konsyaman oswa enkonsyaman. Sa k pirèd la, lè nou rive nan yon pozisyon kote nou ta ka sanble ak yo, nou fè menm vye bagay yo, pou m pa di nou fè pi mal. Sa k dwe fè sa?🤷🏽♂️
Se paske nou pa gen bon memwa ki fè yo toujou ap pran nou nan fo premye fwa.🤷🏽♂️
Si gen yon moun ki konnen poukisa prezidan Jovenel Moise mouri, se otorite Amerikèn yo. Yo te vin ranmase pi gwo toro ki te arete nan kad asasina sa yo, yo jije yo an katimini epi yo sansire pifò dokiman ki asosye ak ka a. Se yo ki konnen kisa y ap kache.🤷🏽♂️
Depi w di w ap bay nouvèl epi ou kòmanse fraz la pa "sanble" oswa "ta sanble", se pa nouvèl w ap bay, se zen w ap fè.
Nou pa ka bati yon peyi san boujwazi ak sektè prive. Men kesyon an se: Ki sektè prive nou vle? Nou bezwen mete fen ak sektè prive ki jis chita sou zepòl leta pou fè lajan, ki pa peye taks, ki pa pwodwi richès pou peyi a, men ki kontwole tout bagay pou benefis yo. Nou pa ka…