Luckson Saint-Vil Journaliste
@LuckNews88
Digital Marketer | Journaliste | Silver Winner - Telly Awards | Prix Philippe Chaffanjon (France) 2019 | Prix Jeune Journaliste (OIF) 2016
✍🏾ENFO | Se jounalis kiltirèl @Jeanmary_simon, nan tèt kole ak Pro Media epi J.E Prodz, ki te vini ak pwojè mizik sa, ki reyini 7 atis : @Pedroforce2, @fatiful, @aniealerteht, Baby Joe, @VanessaDesire, @El Won ak ISIMIC. Inisyatè yo pwopoze « Gad Devan », kòm yon omaj a tout moun…

🎉Bòn fèt | @rutshelle Guillaume, 🎶Chantez, CEO « RG Glow »🍾🎁

⚠️Kont Twitter(X) sa pa pou Valerio Saint-Louis @TeleImagetvshow. Fè atansyon avèl. Mwen te gentan di Valerio, pandan tout moun ap pale de li a, gen moun ki pral pwofite !

✍🏾ENFO | Nan yon nòt yo mete deyò, Ministè Lajistis ak Sekirite Piblik🇭🇹di yap remèt moun ki akize a bay komisè gouvènman an, epi aprè pou mete li an detansyon, nan DCPJ oubyen yon lòt sant ki apwopriye. Nan nòt la, Ministè Lajistis di komisè a ta dwe, san delè, monte yon dosye…

📌Men kòman Valerio Saint-Louis @TeleImagetvshow te reponn nou, aprè nou fin salyel, e di li byenvini sou platfòm LSV Media Production.-
✍🏾ENFO | Nan yon entèvyou li bay New York Times @nytimes, Joseph Edlow ki apèn monte nan tèt sèvis imigrasyon amerikèn nan, fè konnen tès moun yo ap pase aktyèlman pou vin « citizen » nan, pa twò difisil. « Li fasil pou kenbe repons yo nan tèt ou. Li dwe chanje », se sa nou Chèf…

⚠️ANONS | Entèvyou avèk Valerio Saint-Louis, @TeleImagetvshow Akoz yon gwo pwoblèm teknik ki pa depann de nou, entèvyou a pap ka kontinye reyalize, jan nou te swete sa, aswè a. Paske pwoblèm nan pèsiste, nou oblije repòte entèvyou a pou yon lòt jou. Pandan ekip LSV Media Studio…

🎥 Nou pare ? Valerio Saint-Louis ap avè nou talè.-


✍🏾ENFO | Nan yon lèt tou louvri Premye Pitit ansyen Prezidan Jovenel Moïse la voye bay Sekretè deta ameriken an,🇺🇸 li di gen sèten « oligak pwisan » kap jwi pwoteksyon sou teritwa ameriken an, e ki depi lontan, ap finanse aktivite teyoris, enstabilite politik, plizyè koudeta, epi…

✍🏾ENFO | Gouvènè Florida a, Ron DeSantis fè konnen, gen anviwon 100 migran ki ale nan premye vòl depòtasyon sa. Gen plizyè lòt ankò yo deplase, men se nan lòt sant federal yo al mete yo, daprè @nytimes. Detay nan emisyon « Pawòl Imigrasyon », aswè a :⏰ 7-8pm. Pa bliye, envite…

🗣️PUB |🚨🔥 BREAKING NEWS ! 🔥🚨 After lighting up Paris, Florida-it’s your turn! Get ready for an unforgettable night on Sunday, September 21st, 2025 at the Miramar Cultural Center as we unveil the highly anticipated premiere of « THE PATH OF ALL EVILS » a Mora Junior Etienne…

✍🏾ENFO | Val Ené fè deklarasyon sa a, pandan li tap patisipe nan emisyon « Le Point », sou Tele @metropoleHT. Yon deklarasyon ki pwovoke anpil reyaksyon sou rezo sosyal yo | LSV

✍🏾ENFO | Nan yon nòt sikilè ki al jwenn fonksyonè diplomatik ak konsilè administratif yo, 23 jiyè 2025 lan, Anbasad peyi Dayiti🇭🇹nan Sendomeng, fè konnen mezi sa konsè tout moun. Kit ou te gen paspò diplomatik, ofisyèl oubyen regilye. Anbasad la di, dispozisyon sa a rantre nan…

⚠️Ou pa dwe rate emisyon sa a… sou okenn pretèks.🗓️ Randevou |🏷️ Demen Vandredi 25 Jiyè 2025 lan,⏰ 7-8pm, #PawolImigrasyon @TeleImagetvshow

✍🏾ENFO | Plizyè abitan nan Laplèn, espesyalman zòn Santo, ekri nou epi pataje nòt vokal avè nou, pou ba nou yon lide de jan katouch ap chante. 12:30 am. Sitwayen yo lanse yon SOS bay otorite yo | LSV

✍🏾EXCLUSIVITÉ | Valerio Saint-Louis @TeleImagetvshow : Nou apèn sot echanje sou dènye evolisyon ki gen nan dosye Boulos la. Gen lòt nouvèl kap vini. Rete konekte | LSV

✍🏾ENFO | Etazini | Estatistik | Depòtasyon.-

✍🏾ENFO | Tien Xuan Phan, 55 lane, mouri sou kabann lopital, pandan ajan ICE te kontinye ap veye li kote li te ye a. Daprè sa enstitisyon federal la rapòte, yo te mennen sitwayen🇻🇳Vyetnamyen sa lopital vandredi pase pou yon evalyasyon, aprè yo te remake li tap vomi, li te fèb nan…

👂🏾Men rezon ki fè mwen te pran ti tan pou m bay enfòmasyon sou arestasyon Pierre Reginald Boulos la.-