Centre à la Une
@Centrealaune
Centre à la UNE, se yon medya an liy ki fonde 9 jiyè http://2020.Li bay nouvèl nan lang kreyòl.
Entènasyonal: Demokrasi toujou : Repons lidè pwogresis yo fas ak monte ekstrèm dwat la Klike la pouw li 👇🏿 centrealaune.com/2025/07/23/ent…

Kilti koulè ak chirepit sosyal ann Ayiti : Yon gè pèmanan nan silans" Yon apwòch sosyoantropolijik de Jean Launy Avril Klike la pouw li kwonik la👇🏿 centrealaune.com/2025/07/23/kil…

Nan Lyankou depatman Latibonit, bandi Gran grif Savyen yo boule yon cha blende pou polis nasyonal la madi 22 jiyè 2025 lan.Nou poko ka verifye si gen polisye ki viktim ou pa. Ret branche

Sekretè dEta ameriken an Marco Rubio anonse, lendi 21 jiyè 2025 lan, USA anvizaje pou voye tounen lakay yo tout moun ki rezide sou tèritwa yo a epi k ap soutni aktivite gang an Ayiti. Daprè diplomat la, desizyon sa temwaye volonte Etazini pou ede Ayiti nan batay kont ensekirite a

Etazini : ouvèti pwosè inivèsitè Harvard kont Donald Trump Klike la pouw li 👇🏿 centrealaune.com/2025/07/22/eta…

Plizyè avoka manifeste devan lokal Pakè Pòtoprens, lendi 21 jiyè 2025 lan, pou egzije revokasyon Me #Frantz_Monclair. Avoka pwotestatè yo akize chèf Pakè a kòm moun ki antrave egzèsis lib pwofesyon an epi akize l de kèk ka koripsyon.

Fòk news rapòte lendi 21 jiyè 2025 lan, arestasyon antreprenè Ayisyen Pierre Reginal Boulos la nan peyi Etazini gen pou wè ak asosyasyon malfektè kote Boulos nan konfyolo ak Teyoris viv ansanm pou destabilize Ayiti. Yo di tou USA ap depòte tout imigran ki nan konivans ak gang yo.

Kit alimantè a vin pi enpòtan pase moun yo: Lè otorite tounen machann mizè pèp Editoryal Centre à la UNE lendi 21 jiyè 2025 ekri pa Jean Launy AVRIL Klike la pouw li 👇🏿 centrealaune.com/2025/07/21/kit…

1 000 sòlda FAD'H pral fòme nan peyi Kolonbi Klike la pouw li 👇🏿 centrealaune.com/2025/07/21/1-0…

Prezidan ansanm peyi de goch sa yo: Chili, Espay, Brezil, Irigwe ak Kolonbi, rankontre lendi 21 jiyè 2025 la nan kapital peyi Chili, Santiago, pou chita pale sou defans Demokrasi, yon mond Miltilateralis, lit kont inegalite ak dezenfòmasyon.

Chèf gang Kokorat San Ras la Ferden Tilus (Meyer), mouri samdi 19 jiyè 2025 la nan Lakwa Peris, pandan bandi yo te ale atake komin Lestè/Latibonit. Daprè konfimasyon DG @pnh_officiel la Rameau Normil, Meyè ak sòlda li yo tonbe nan yon pyèj lapolis ak abitan komin nan te tann.

IMIGRASYON: Yon Jij nan tribinal Federal Ozetazini pwolonje TPS pou Ayisyen yo jiska fevriye 2026. Administrasyon Trump lan pwolonje TPS pou sitwayen Ayisyen yo pou jiska 3 fevriye 2026 k ap vini la a, aprè yon lòd yon Jij federal Margo K. Brodie nan Distri Lès Nouyòk la te bay.

Antreprenè Ayisyen Pierre Reginal Boulos ki nan detansyon Etazini genyen gwo akizasyon lou sou dol Klike la pouw li 👇🏿 centrealaune.com/2025/07/20/ant…

UPDATE: #Pierre_Reginal_Boulos ki nan prizon Ozetazini depi 16 jiyè 2025 pase a, deklare "li te pale, li te bay anpil enfòmasyon, anpil lòt moun pral rejwenn li nan prizon an." N ap note, Boulos nan yon chanm prizon kote li pa gen kabann pou li kouche.

Dosye Brezil-Etazini: Gouvènman ameriken an deside koupe viza Jij Lakou Siprèm peyi Brezil, Alexandre de Moraes samdi 19 jiyè 2025 la, puiske administrasyon an pa dakò ak fason Jij la ap jere dosye ansyen Prezidan Jaïr Bolsonaro a. Prezidan Lula voye solidarite li bay Jij la.

Vizit Prezidan Gustavo Petro nan Pòtoprens: Diplomasi oswa dominasyon akòde? Klike la pouw li 👇🏿 centrealaune.com/2025/07/19/viz…

Prezidan Trump ekri ansyen prezidan Bolsonaro yon lèt pou sipòte li fas ak desizyon lajistis brezilyèn Klike la pouw li 👇🏿 centrealaune.com/2025/07/19/pre…

Anba lòd yon Jij nan lakou siprèm peyi Brezil, Lapolis Federal (PF) fè yon pèkizisyon lakay ansyen prezidan @JairBolsonaro ak nan biwo pati li a vandredi 18 jiyè 2025 la, epi polisye yo oblije li pote yon "braslè elektronik" parapò ak divès akizisyon lajistis pote kont li.

AYITI: Alòske prezidan kolonbyen an @petrogustavo te dwe dòmi ann Ayiti 18 jiyè 2025 la aprè vizit li nan peyi a nan kad koperasyon bilateral 2 peyi yo nan divès domèn tankou sekirite ak edikasyon, etonaman Petro kite Ayiti pou ale nan yon lòt peyi nou pa amezi pou konfime.

Ajan @pnh_officiel arete Wood Osny Sheednyca SIDOINE ki gen 19 lane paske li se yon manm aktif kowalisyon gang Viv Ansanm nan selon sa responsab PNH yo pibliye ayè jedi 17 jiyè 2025 la. Arestasyon sa a te fèt zòn Kriswa nan Pòtoprens. N ap note, Osny di li fizye anviwon 100 moun.
